Pa Gen Griyen Dan Lè Pèp La Ap Soufri

H Hebert Logerie Hebert Logerie
0 Altın Yaprak
Pa gen griyen dan nan sa lè ti bebe grangou Pa gen gryen dan lè gwo gran moun ap krye Pa gen gryen dan lè la ri a plen moun fou Kap kraze vit machin yon pèp ki sinistre Ki pa a lèz, ki paka viv byen, ki paka manje Yap voye roch, vakabon ap tire moun kap pase San rezon, pou plezi, pou ka intimide pèp la Pagen gryen dan lè yap kalonnen, touye polisye Brav gason ak fanm ki la pou pwoteje pèp la Bagay yo two serye pou tout moun al kache Fòk nou pa pè konfronte la vi a e tout vakabon Kap volè, kap bay pwoblèm e kap simen twoub Pa gen gryen dan lè tout moun ki entèlijan, ki bon Pè rantre nan politik. Se sanzave ki san foub San eskripil aparamman ki pase kom kandida Nou antrave avèg ap mennen moun ki boyn Nou ekspoze a tout vye bagay, a tout charoyn Nan eleksyon kap vini an, fòk nou mete tout fatra De kote, nan poubèl, paske fòk bagay yo chanje Fòk nou vote pou kandida ki pratike fyète ak onètete Kandida ki renmen peyi Dayiti, ki pa ipokrit, ki pap vòlè Ki ka pratike e ki renmen la jistis pou tout moun e la pè. Copyright © jen 2019, Hébert Logerie, Tout dwa rezève. Hébert Logerie se yon otè anpil liv pwezi.

Bu şiire çeviri ekle ·

Bu şiiri puanla

Henüz puan verilmemiş

Yıldıza dokunarak 1–10 arası puan ver

Yorumlar

Yorum yapmak için giriş yapmalısın.

Giriş yap

Bu şiire henüz yorum yapılmamış. İlk sen ol.

Sana daha iyi bir okuma deneyimi sunabilmek için sitemizde çerez kullanıyoruz. Kişisel verilerin KVKK ve GDPR kapsamında işlenir; hangi çerezlere izin verdiğini dilediğin zaman değiştirebilirsin.