Pa Gen Oken Peyi Ki Pòv

H Hebert Logerie Hebert Logerie
0 Altın Yaprak
Pa gen oken peyi ki pòv Gen twòp fo lidè ki gen lespri pòv Ki gen move lespri ki bloke tout pòt douvan Oswa ki gouvène kwè move chat maron Oswa ki gen sèvo fomi, yon ti sèvo Yo pa janm dirije anyen anvan, toudenkou Yo vin kandida pou la prezidans Nan yon peyi kote pifò moun nan rans Yo pa anfòm, yo pa kapab distenge le pase ak lavni Bilten vòt yo ak bal fizi, vye eskiz ak gran defi Li enteresan pou panse a yo, jis pou yon bon plezi. Gen twòp prezidan ki sòtt ak estipid Okenn moun pa dwe vote pou Kipidon Zonzon Paske li pa gen sèvo ase, sèvo li vid Misye pa ka fonksyone kòm yon chirijyen Si ou se yon bòs chapant, bati kèk kabinèt Si ou se yon chantè, al pran plezi ou ak kèk maryonèt Si ou se yon bon politisyen patriyotik, ou ka kouri pou prezidan Pou ou ka sispann koripsyon, vòl e fèmen djòl vakabon Kap jaze maten kòm lannwit, tankou yon atis ki pèdi tèt li Pa gen peyi ki pòv Nou bezwen yon lidè konpetan ki ka amelyore lavi tout sitwayen. Copyright © Mas 2019, Hébert Logerie, Tout dwa rezève. Hébert Logerie se yon otè plizyè koleksyon powèm.

Bu şiire çeviri ekle ·

Bu şiiri puanla

Henüz puan verilmemiş

Yıldıza dokunarak 1–10 arası puan ver

Yorumlar

Yorum yapmak için giriş yapmalısın.

Giriş yap

Bu şiire henüz yorum yapılmamış. İlk sen ol.

Sana daha iyi bir okuma deneyimi sunabilmek için sitemizde çerez kullanıyoruz. Kişisel verilerin KVKK ve GDPR kapsamında işlenir; hangi çerezlere izin verdiğini dilediğin zaman değiştirebilirsin.