Rinmin Moun Ki Rinmin Ou

H Hebert Logerie Hebert Logerie
0 Altın Yaprak
Renmen moun ki renmen w Apresye moun ki apresye w Yon chyen pa janm mòde mèt li Si yon chyen fè sa, se metel nan dòmi Mesye, rinmin fanm ki rinmin ou Medam, renmen nonm ki pran swen ou Si yon moun pa rinmin ou, pa fache Yon moun gin dwa pa rinmin w Sa se demokrasi, tout moun gin libète Rinmin moun ki sèvi avèk w Meprize ou inyore moun ki pa renmen ou Rete ak tèt frèt, pa aji kwè yon moun ki fou Lè chyen jape mèt li, se paske kèl kontan Min lè li mòde mèt li, se paske li frekan, li mechan Lè sa fòk ou frape li fò, fòk ou voyel al dòmi Yon chat toujou respekte mèt li Renmen moun ki renmen w Apresye moun ki apresye ou Pa kraze kòr pou moun ki pa renmen w Sependan fè sa ou kapab pou moun ki pran swen ou Pou moun ki pa ipokrit ou ingra Vie chat ap toujou rete vie chat Yap toujou aji menm jan ak yon vie krab E yap toujou konpote yo kom yon vie rat Renmen moun ki renmen w Apresye moun ki apresye w. Copyright © Jen 2017, Hebert Logerie, Tout dwa rezève Hébert Logerie se otè plizyè liv de pwezi.

Bu şiire çeviri ekle ·

Bu şiiri puanla

Henüz puan verilmemiş

Yıldıza dokunarak 1–10 arası puan ver

Yorumlar

Yorum yapmak için giriş yapmalısın.

Giriş yap

Bu şiire henüz yorum yapılmamış. İlk sen ol.

Sana daha iyi bir okuma deneyimi sunabilmek için sitemizde çerez kullanıyoruz. Kişisel verilerin KVKK ve GDPR kapsamında işlenir; hangi çerezlere izin verdiğini dilediğin zaman değiştirebilirsin.