Se Kom Si Se Sèl Nèg Blan

H Hebert Logerie Hebert Logerie
0 Altın Yaprak
Se kom si se sèl nèg blan ki konn ekri Yo pran tout bagay la pou yo Yo intèlijan. Yo pran literati, yo pran peyi Yo pran kilti tout moun yo Anpil nèg nwa chita yap gade Kwè yon zwazo ke yo dwoge Kile tintin sila ap fini, di mwen non Mwen fatige ak tèt cha sa ki nan pilon Madan Inbesyl la. Se kom si nèg blan Pa konn volè. Yo tout pa fran Ak anpil nan nou. Leve dèye nou Sou ti chèz la pou sounami pa anvayi nou Pou Randleman de tè pa kokobe nou Ouvè je nou pou nou ka li sakap pase Ouvè sèvo pou nou ka konpran sakap pase Yo panse ke nou tout se pitit Zebede Bel jipon. Mezanmi, nèg blan pa pi intèlijan Pase nou, mem si yo fort nan volè gwo lajan Nèg nwa konn ekri tou, anpil nèg konpran. Copyright © Novanm 2017, Hebert Logerie, Tout dwa rezève Hébert Logerie se yon powèt ki ekri nan plizyè lang.

Bu şiire çeviri ekle ·

Bu şiiri puanla

Henüz puan verilmemiş

Yıldıza dokunarak 1–10 arası puan ver

Yorumlar

Yorum yapmak için giriş yapmalısın.

Giriş yap

Bu şiire henüz yorum yapılmamış. İlk sen ol.

Sana daha iyi bir okuma deneyimi sunabilmek için sitemizde çerez kullanıyoruz. Kişisel verilerin KVKK ve GDPR kapsamında işlenir; hangi çerezlere izin verdiğini dilediğin zaman değiştirebilirsin.