Se Kriz Sou Kriz

H Hebert Logerie Hebert Logerie
0 Altın Yaprak
Se kriz sou kriz Manman pitit ap pran kriz Se kriz sou kriz Se mizè sou mizè Mezanmi nou pa gen la pè Se nou tout ki nan soufrans Gen tròp, tròp rans ki rans Se soufrans sou soufrans Nan peyi a, gen tròp krim Tout powèt, ekriven, atis ak jounalis pran plim Pran penso, kreyon ak mikro nou. Sa pa yon fim Sa se yon bagay serye kote lakay Se tout moun ki pou pran yon bagay Pou defan lakay Pou defan peyi a Pou proteje tè a Pou proteje pèp la Se kriz sou kriz Peyi a pa yon showbiz Fòk nou respekte frè nou Ak sè nou ki finn fou grangou Nan yon peyi kote se rat kay Kap van kay. Sa se yon move bagay Zantray nou yo pa kontan kote yo Kouche a. Yo pa mouri, men zo yo Tande nou. E sa fè yo mal anpil Pèp la fatige gen tròp kalil kap bay bil Nan lari a. Se nou tout ki fout fatige Ak ‘kidnapping' ak vye insekirite Ki simaye kòl nan peyi a. Nou fatige Ak la mizè, koripsyon ak vòlè politisyen Ak tout polisye kriminèl, move sitwayen ak asasen Ak tout ipokrit ak tout vye peyi vwazen Nou fatige at tout vye majisyen Kap pase nou tout nan tenten Tròp kidnapè, tròp krim ak vye kreten Kap simen lanmò, la tèrè lakay nou Nou fout fatige ak la mizè, grangou Prostitisyon, movèz vi. Pa gen espwa Mezanmi, se nou tout ki kloue sou la kwa Sila, se nou tout ki nan la pè e kap plenyen Nou fatige kote se sanginè ki pa gen anyen Bon nan tèt yo ki ap gouvène, ki sou pouvwa Nou fatige se nou tout ki pou leve la vwa Kont tout kriminèl. Nou pa gen chwa, oken chwa Fòk nou leve kanpe, fòk nou elimine tout vye lwa Fòk nou fout batay, fòk nou lite, fòk nou fout vote Pou moun ki renmen pèp nou an ak peyi nou. Anmwey Anmwey. Se nou tout ki pou fout rele Anmwey Anmwey, anmwey, anmwey, anmweyyyyyyyyy. Copyright © mas 2021, Hébert Logerie, Tout dwa rezève. Hébert Logerie se otè plizyè koleksyon powèm

Bu şiire çeviri ekle ·

Bu şiiri puanla

Henüz puan verilmemiş

Yıldıza dokunarak 1–10 arası puan ver

Yorumlar

Yorum yapmak için giriş yapmalısın.

Giriş yap

Bu şiire henüz yorum yapılmamış. İlk sen ol.

Sana daha iyi bir okuma deneyimi sunabilmek için sitemizde çerez kullanıyoruz. Kişisel verilerin KVKK ve GDPR kapsamında işlenir; hangi çerezlere izin verdiğini dilediğin zaman değiştirebilirsin.