Se Yo Tout Ki Vle Chita Sou Chez Dous La

H Hebert Logerie Hebert Logerie
0 Altın Yaprak
Yo pa gen konpetans Yo pa vle bay Ayiti yon ti chans Ni yo pa konn ki sa pou yo fè Pou dirije yon peyi Ke yo pa renmen, ke yo rayi Ke yo paka bay la pè Sekirite, manje ak yon pi bon avni Nèg sa yo ap defann pòch yo, pa Ayiti Nèg sa yo ap plen pòch fanmi yo, pa Ayiti Pa pòch pèp la, pa valiz pèp Ayisyen Ke yo pa vrèmen renmen Yo trete pèp la pi mal pase chyen Yo pa renmen vrèman peyi Dayiti Yo pa vrèman renmen notre cher pays Se chez dous la ke yo vle sèlman, pouvwa a dous Pouvwa a dous pase siro myèl pou yo, chez la dous Menm lè ke yo gen konpetans Yo pa vle bay peyi nou an yon ti chans Yo pa vle bay peyi a ak pèp la Yon ti chans. Chèz la trò dous Anba deye vye politisyen malfra Koronpi, magouyè ki anpeche Ayisien Tout kote viv kom des humains Gade fatra nan yon peyi Gade la povrete an Ayiti Gade eta Kwa Bosal, Mache Salomon Gade eta Mache Anba, gade eta Anba Pon Gate eta Pòtoprins e katye popilè yo Pèp la pa sòt, pèp la pa idyo Gade eta peyi Dayiti Pèp la ap soufri Nou fatigue ak vye gouvenman sa yo Nou fout fatigue ak san manman sa yo Nou fatigue ak kidnaping, ak yon bann vye krim Ayisyen rele anmwey, pran plim Ak kreyon pou nou ka ekri, pou nou ka rele Mezanmi, fòk nou pa pè pale Fòk nou pa pè di la verite Fòk gen yon gran chanjman an Ayiti Fòk bagay yo vinn pi bon an Ayiti Aba enkonpetans Aba vyolans Chak senk an Nou fèt pou gen yon nouvo prezidan Fèk gen yon nouvo manda Daprè Manman Lwa peyi a Ki se Konstitisyon an. Aba, aba Aba, aba tout enkonpetan Ki ta vle pase Konstitisyon an anba soulye yo Ayiti se pou tout Ayisyen. Ayiti se pou tout frè nou yo Nou renmen Ayiti, Viv Ayiti, Viv Ayiti Notre pays chéri, notre Ayiti Notre chère Patrie. Copyright © 4 Fevrye 2021, Hébert Logerie, Tout dwa rezève Hébert Logerie se yon otè ki piblye plizyè liv pwezi.

Bu şiire çeviri ekle ·

Bu şiiri puanla

Henüz puan verilmemiş

Yıldıza dokunarak 1–10 arası puan ver

Yorumlar

Yorum yapmak için giriş yapmalısın.

Giriş yap

Bu şiire henüz yorum yapılmamış. İlk sen ol.

Sana daha iyi bir okuma deneyimi sunabilmek için sitemizde çerez kullanıyoruz. Kişisel verilerin KVKK ve GDPR kapsamında işlenir; hangi çerezlere izin verdiğini dilediğin zaman değiştirebilirsin.