Se Yon Kè Ki Briye E Souri

H Hebert Logerie Hebert Logerie
0 Altın Yaprak
Kè gen machwè Kè wè lannwit e lejou Devan lanmou Devan tout joujou. Se yon kè ki briye e souri Epi ki chofe nanm Lè yon moun damou. Devan ou, o fanm Mwen jennen, tranble e jemi E mwen santim trè kontan. Vwa ou se yon bagay ekstraòdinè Se tankou yon diva kap fredone Chante trè ba dè chanson òdinè. Se dè bo ki fè klòch yo sonnen Se kèm ki briye e souri. Lè mwen renmen Mwen santim trè, trè kontan Mwen jennen, tranble e jemi. Cherie, kèm gen machwè Devan bizou dous ou yo. Copyright © Avril 2021, Hébert Logerie, Tout dwa rezève. Hébert Logerie se otè plizyè koleksyon pwezi.

Bu şiire çeviri ekle ·

Bu şiiri puanla

Henüz puan verilmemiş

Yıldıza dokunarak 1–10 arası puan ver

Yorumlar

Yorum yapmak için giriş yapmalısın.

Giriş yap

Bu şiire henüz yorum yapılmamış. İlk sen ol.

Sana daha iyi bir okuma deneyimi sunabilmek için sitemizde çerez kullanıyoruz. Kişisel verilerin KVKK ve GDPR kapsamında işlenir; hangi çerezlere izin verdiğini dilediğin zaman değiştirebilirsin.