Sonnen Tout Klòch Pou Anivèsè Ou

H Hebert Logerie Hebert Logerie
0 Altın Yaprak
Mwen pral sonnen tout klòch yo Pou anivèsè nesans ou Mwen pral sòti nan pòch mwen Bèl bijou ki soti nan Bèl Ans pou ou. Mwen pral akonpanye tèt mwen ak gita'm Pou chame ou, chante pou ou, distrè e divèti ou O! Wi, mwen pral klere tout lamp fanal yo Pou resevwa ou kòm pi bèl renn nan vale an. O! Se anivèsè nesans ou, syèl la pral plen zetwal Aswè a ou pral penpennen nan yon bèl rob kolore Nan restoran an, ou menm ak mwen pral bwè bon diven. O! Bèl lemina, zanmi pam, se anivèsè nesans ou Se fèt ou. Mil bouke flè ap nan prezans nou O! Bèl zanmim, pou ou, map envoke tout sen yo. P.S. Tradiksyion de ‘Sonner Toutes Les Cloches Pour Ton Anniversaire' de Hébert Logerie. Copyright © Desanm 2022, Hébert Logerie, Tout dwa rezève Hébert Logerie se otè plizyè koleksyon pwezi.

Bu şiire çeviri ekle ·

Bu şiiri puanla

Henüz puan verilmemiş

Yıldıza dokunarak 1–10 arası puan ver

Yorumlar

Yorum yapmak için giriş yapmalısın.

Giriş yap

Bu şiire henüz yorum yapılmamış. İlk sen ol.

Sana daha iyi bir okuma deneyimi sunabilmek için sitemizde çerez kullanıyoruz. Kişisel verilerin KVKK ve GDPR kapsamında işlenir; hangi çerezlere izin verdiğini dilediğin zaman değiştirebilirsin.