Yo Vle Dekourajem Poum Pa Ekri An Kreyòl

H Hebert Logerie Hebert Logerie
0 Altın Yaprak
Yo vle dekourajem poum pa ekri an kreyòl Yo di ke frèm ak sèm yo pa konn li. Se djòl Ke yo genyen sèlman pou yo pale tenten Yo prefere aji kwè yon bann sendenden Ki pa kapab li bèl ti powèm, bèl ti pwezi Bagay yo pa nan plas yo. Mwen pa sezi Di tou pou tout bri sa yo kap kouri nan la ri a Mwen pap dekouraje, menm si pa gen yon ta De moun ki li mwen. Nan pwen pwoblèm Mwen gen pasyans. Map toujou ekri bèl ti powèm Nan lòt lang. Map toujou di la verite e ekspoze Vagabon kap toupizi pèp nou an. Yo imilye Nou twòp kòm pèp. Se pou nou fyè de tèt nou Nou renmen tout lòt pèp, nou ap mete ajenou Nan pye lòt nasyon. Fòk nou chanje. Fòk nou renmen Tèt nou an premye lye. Ayisyen fèt pou damou Ayisyen Fòk nou li e sipòte bann atis nou yo, powèt nou yo Doktè nou, kontab nou yo, peyizan e tout lòt bon yo Nap soufri, nap peri, nap mouri si nou pa kanpe ak lòt Mwen pap dekouraje. Pòt la ouvè, mwen pa konn fèmin pòt. Copyright © Novamb 2019, Hébert Logerie, Tout dwa rezève Hébert Logerie se yon otè ki ekri anpil powèm.

Bu şiire çeviri ekle ·

Bu şiiri puanla

Henüz puan verilmemiş

Yıldıza dokunarak 1–10 arası puan ver

Yorumlar

Yorum yapmak için giriş yapmalısın.

Giriş yap

Bu şiire henüz yorum yapılmamış. İlk sen ol.

Sana daha iyi bir okuma deneyimi sunabilmek için sitemizde çerez kullanıyoruz. Kişisel verilerin KVKK ve GDPR kapsamında işlenir; hangi çerezlere izin verdiğini dilediğin zaman değiştirebilirsin.