Yon Tan Pou Chak Roz

H Hebert Logerie Hebert Logerie
0 Altın Yaprak
Gen yon tan pou chak roz Yon tan pou tout flè kimoroz Ak yon tan pou roz ki anbeli tèt yo Soti nan maten rive nan aswè. Fèy lis yo Tout kote, pasi e pala, sou boulva a Nou wè yo nan mitan flè yo o aza Li deja yon lòt lè, li deja yon lòt sezon La nati kontan lap chante yon lòt chanson. Bondye te kreye plizyè kategori de roz Depi gen yon tan pou tout choz Tout roz gen petal ki bèl e ki fèb Ki ka anbome lakou a ak anba lakal Pafen yo diferan nan bon jan de kalite Nan viraj ak nan nivo de bote Gen yon tan pou chak roz Mwen dwe kontinye oswa pran yon poz? Paske gen yon tan pou tout choz Ak yon sezon pou tout bèl flè ak bèl roz. Copyright © Desanm 2018, Hébert Logerie, Tout dwa rezève Hébert Logerie se yon otè ki ekri plizyè liv de powèm

Bu şiire çeviri ekle ·

Bu şiiri puanla

Henüz puan verilmemiş

Yıldıza dokunarak 1–10 arası puan ver

Yorumlar

Yorum yapmak için giriş yapmalısın.

Giriş yap

Bu şiire henüz yorum yapılmamış. İlk sen ol.

Sana daha iyi bir okuma deneyimi sunabilmek için sitemizde çerez kullanıyoruz. Kişisel verilerin KVKK ve GDPR kapsamında işlenir; hangi çerezlere izin verdiğini dilediğin zaman değiştirebilirsin.