Yon Sinfoni Nan Lanmè A

H Hebert Logerie Hebert Logerie
0 Altın Yaprak
Koute vag yo, se kwè yon sinfoni ki nan lanmè a Kote Konpa Ayisyen an kap adousi batman kè e nè moun yo Koute ki jan vag yo ap roule monte desan nan la rad la Bò lan mè a klere kwè yon bèl fanm ki cho. Mwen santim ipnotize nan konsè de memwa sila Kote ke map dòmi tankou yon timoun sou yon kanape Matant mwen tap chante tankou yon sirèn sou kare a Li pran de bèl not ki te dous, swa, ki parèt fasil a tande. Koute vag yo kap roule nan mitan lan nwit la, tande Tande eko maren yo kap wonfle, bri eko yo pa trò lwen Map fè yon rèv, map nwaye tankou yon tòti ki nan pi a. Koute vag mistik yo ak vag timik yo ki nan lanmè a Mwen wè matant kap danse devan legliz la ak yon pan Mwen te nwaye epi nanm mwen tap vole tout kote. Copyright © Septanm 2017, Hebert Logerie, tout dwa rezève Hébert Logerie se yon ekriven ki piblie plizyè Koleksyon powèm.

Bu şiire çeviri ekle ·

Bu şiiri puanla

Henüz puan verilmemiş

Yıldıza dokunarak 1–10 arası puan ver

Yorumlar

Yorum yapmak için giriş yapmalısın.

Giriş yap

Bu şiire henüz yorum yapılmamış. İlk sen ol.

Sana daha iyi bir okuma deneyimi sunabilmek için sitemizde çerez kullanıyoruz. Kişisel verilerin KVKK ve GDPR kapsamında işlenir; hangi çerezlere izin verdiğini dilediğin zaman değiştirebilirsin.