Jodia Se Fèt Sen Valanten An Ayiti Tou

H Hebert Logerie Hebert Logerie
0 Altın Yaprak
Mwen pate vle ekri jodia Mwen pate vle esprimem jodia Bagay yo si tèlman tris e mal an Ayiti Bagay yo si tèlman twop nan lesprim Mwen paka reziste ankò, paske lavi Tout Ayisyen an danje, mwen pran yon plim Poum ka mete tout sa ki nan kèm sou papye Mezanmi pa gen lanmou nan mitan frèm Ak sèm kap viv nan peyi ke papa nou sakrifye Vil ke li te kite pou nou an. Twop vòlè krèm Twop vòlè losti, twop koronpi finn dechèpiye Kès leta. Sak pired se chat ki chèf kap veye mantèg Nèg sa yo trèz ipokrit, yo se demagog, yo pa intèg Si yo gen lanmou nan kè yo se pou yo bay talon yo Vann kay nan Miami yo, van byen mal akiki nan New York yo Pote lajan ke yo te vòlè e gaspiye a bak nan kès leta Se pou yo bay peyi ya bak tout kòb Petwokaribe a Paske twop moun ap soufri, twop moun nan grangou Si yo gen yon kè nan lestomak yo, si yo pa fou Se pou yo bay talon yo, pèp la ap manisfeste, yap kraze Yap boule, yap vòlè menm jan ap bann madigra mal maske Ki chita nan yon palman kote nèg yo pap defann anyen Se piye, se gaspiye, se vòlè ke anpil nan yo ye. Se byen Leta ke yap voye nan lanmè, nan dife. Peyi a plen fatra Kap fe moun e sitou ti moun malad. Gade rat nan laria Tout chat yo ap vòlè mantèg. Vant yo two plin. Yo pa itil Anyen. Mezanmi, jodia se fèt lanmou, se pa fèt oken enbesil Jodia se Sen Valanten. Sispann kraze Ayiti Toma, Ayiti Cheri Bay peyi a yon chans. Bay dèyè nou de tap. Kite pèp la viv Remèt kòb Petrokaribe a. Bay ti moun yo yon chans pou yo ka viv Jodia se fèt lanmou. Nou pa bezwen bann kanaval. Nou pa bezwen Tafia. Nou bezwen lavi, lajwa e lapè. Nou bezwen elimine tout voryen Tout vòlè. Tout moun kap imilye pèp la e ki ap vann peyi a pou 5 kòb Fòk yo remèt lajan pèp la. Pèp la bezwen viv, respè, lajan e tout kòb Ki nan bank etranje ke kriminèl yo eskanmote a. O non de Sen Valanten Nou bezwen lapè ak lanmou nan peyi Dayiti. Fòk pa gen oken tenten Nan mitan nou. Viv Ayiti Toma. Vi Ayiti Cheri. Ayiti ap viv, li pap mouri Fòk la polis ak la jistis fè travay li. Aba tout vòlè. Viv pèp la. Viv Ayiti. Copyright © Fevrye 2019, Hébert Logerie, Tout dwa rezève Hébert Logerie se otè plizyè liv de pwezi.

Bu şiire çeviri ekle ·

Bu şiiri puanla

Henüz puan verilmemiş

Yıldıza dokunarak 1–10 arası puan ver

Yorumlar

Yorum yapmak için giriş yapmalısın.

Giriş yap

Bu şiire henüz yorum yapılmamış. İlk sen ol.

Sana daha iyi bir okuma deneyimi sunabilmek için sitemizde çerez kullanıyoruz. Kişisel verilerin KVKK ve GDPR kapsamında işlenir; hangi çerezlere izin verdiğini dilediğin zaman değiştirebilirsin.