Jodia Se Fèt Tout Bèl Manman

H Hebert Logerie Hebert Logerie
0 Altın Yaprak
Nap fete tout bèl manman jodia An verite, tout manman se bèl fanm Nap fete tou tout fanm ki pa gen pitit Pwofesè lekòl,fanm ki polis, machann rapadou Infimyè, koutiryè, e machann tomtom ak kalalou Nap fete tout moun ki se manmb Yon kominote, manmb ki ap bay peyi-a Bon jarèt, e ki konprann ke nou nan yon litt Yon gwo litt pou bagay yo ka vinn pi bon Pout tout pitit Bondye kap viv sou la tè beni Tout manman se bèl fanm, se yon bon janbon Ke Bondye ba nou, se fanm kap anrichi La tè. Nap fete papa ki jwe ròl manman tou Bon papa kwè papam ki te bay vili pou tout Pitit li yo. Mèsi manman, mèsi papa. Nou tout Benie pi nou gen anpil chans. Nap toujou Di tout bèl moun sa yo mèsi, mèsi. Nap leve Non yo trè ro nan syèlla. Mèsi Papa Bondye Mèsi a tout bèl fanm ki te koud drapo nou yo Mèsi a tout fanm ki konn chante e ki ekripou nou yo Mèsia tout fanm ki konn lage bèl ti pawòl dous Nan zòrèy nou. Mèsi a tout fanm ki konn devore, dechire Nannan zòrèy nou lè nou fè yo mal, lè nou fè yo fache Mèsi pout tout ti machann yo kap vann konparèt, bon dous Bon bagay. Mèsi, mèsi a tout fanm ki konn batay ak la vi-a Mezanmi anmwey, nap fete tout manman jodi-a Mèsi manman cherie. Nou renmen ou ak tout Kè nou. Nap respekte ou e onore ou ak tout Nanm nou. Nou dwe ou anpil. Nap voye bèlflè Pou ou jodia e pou rest lavi ou. Dòmi nan la pè Mèsi manman, nou renmen tout manman Ak tout fòs nou, ak tout nanm nou, ak tout kèn. Copyright © Me 2018, Hébert Logerie, Tout dwa rezève Hébert Logerie se yon otè plizyè liv pwezi.

Bu şiire çeviri ekle ·

Bu şiiri puanla

Henüz puan verilmemiş

Yıldıza dokunarak 1–10 arası puan ver

Yorumlar

Yorum yapmak için giriş yapmalısın.

Giriş yap

Bu şiire henüz yorum yapılmamış. İlk sen ol.

Sana daha iyi bir okuma deneyimi sunabilmek için sitemizde çerez kullanıyoruz. Kişisel verilerin KVKK ve GDPR kapsamında işlenir; hangi çerezlere izin verdiğini dilediğin zaman değiştirebilirsin.