Pa Boule, Pa Touye, Se Fèt Papa Desalyn

H Hebert Logerie Hebert Logerie
0 Altın Yaprak
Pa boule, pa touye Fè kè Papa Desalyn kontan Pou fèt li. Fete, banbile, banboche Pèp la civilize epi li chaman Lapolis se piti pèp la Lapolis pap tire sou sè li Lapolis pap bat frè li Lapolis la pou pwoteje pèp la Arete vòlè yo pote yo bay Lapolis Mare yo pa two fò, pa bat yo Tout non ki sou lis la pral sou lè koulis You tout pral nan biro Lapolis Pa fè vyolans, pa kraze, pa di betiz Bare yo, pa brize, arete yo Pa joure, pa maltrete yo pliz, pliz Di la verite, san pa gen dwa koule Fete, fete, se fèt Papa Desalyn Pa boule, pa kraze, pa brize, pa touye Fè yo mache al Lasalyn Sou de vityelo yo Pa bat yo, pa krache sou yo Fete anivèsè Papa pèp la Fete, men pa bwè twop tafia Fòk yo bay tout kòb la Fòk yo konnen ke pèp la Pa renmen viv nan fatra Pèp la renmen santi bon tou Pèp la renmen sant Dolce & Gabbana Sou mayo, chemiz ak tout kò yo tou Charles Aznavour renmen Arménie Menm jan bon Ayisyen renmen peyi Dayiti Fete, selebre, men pa bwè twop tafia Fòk tout vòlè yo bay tout kòb la Pa boule, pa touye, se fèt Papa nou Nap montre tout moun ke nou gen lanmou Pou peyi nou, pou peyiDayiti Pou tout moun ki pap vòlè e ki pap trayi Nap regle bizniz peyi nou, nap selebre Nap regle zafè pèp nou, nap fete Pa boule, pa kraze Pa brize, pa touye. Copyright © Oktòb 2018, Hébert Logerie, Tout dwa rezève Hébert Logerie se yon otè ki piblye plizyè liv de pwezi.

Bu şiire çeviri ekle ·

Bu şiiri puanla

Henüz puan verilmemiş

Yıldıza dokunarak 1–10 arası puan ver

Yorumlar

Yorum yapmak için giriş yapmalısın.

Giriş yap

Bu şiire henüz yorum yapılmamış. İlk sen ol.

Sana daha iyi bir okuma deneyimi sunabilmek için sitemizde çerez kullanıyoruz. Kişisel verilerin KVKK ve GDPR kapsamında işlenir; hangi çerezlere izin verdiğini dilediğin zaman değiştirebilirsin.