Pèp Ayisyen, Eske Nou Konnen

H Hebert Logerie Hebert Logerie
0 Altın Yaprak
Pep Ayisyen, èske nou konnen ki sa nou vle? Depi kèk tan, nou chwazi vakabon, san zave Kòm lidè, kom moun ki pou dirije peyi nou Mezanmi, mwen konnen ke nou pa two save Min se pou nou poze tèt nou anpil kesyon, pou Nou ka asire ke moun nou chwazi a kom kandida a Konpetan, si dwèt li pa two long, si li pa yon mafia Yon zenglendo, yon eskanmòtè, yon gwo volè Mezanmi, gen yon ban nèg ke pèp la bay pouvwa Nèg sa yo pat dwe janm rive presidan, senatè Depite, premye minis, majistra, ak lot pozisyon Nan leta, paske anpil nan yo se volè, move pwazon Nèg sa yo ap naje nan koripsyon. Nèg sa yo ap tan Pou yo gen pouvwa pou yo ka rich. Nèg sa yo se pwa tan Yo se parazit. Yo se predatè, yo se diab, yo se malfini Do kale san pwèl. Pèp Ayisyen, frèm ak sèm yo Pa vote pou madigra byen degize. Si ou renmen peyi Dayiti Fè devwa nou trè byen. Pa swiv anganman nan dlo Paske li pral manje ou. Rele bare volè, jije yo, Mare yo Ak kod ke yo paka demare. Pep Aysiyen, ouvè je nou Kale je nou nan je tout vakabon ki degize an bon moun Veye yo, kale je nou sou yo tèt kale. Veye tout moun fou Ki bezwen vin chef pou yo ka bat moun, pou yo ka touye moun Anpil nan nou renmen peyi Dayiti, an nou pwoteje bon bagay Sa ke Desalin kite pou tout Ayisiyen. Se pou nou kontinye batay Pèp Ayisyen, frèm, sèm yo, èske nou konnen ki sa nou vle? Ouvè zòrèy nou, ouvè je nou. Piga nou vote pou san zave. Copyright ©, Fevriye 2018, Hebert Logerie, Tout Dwa Rezève

Bu şiire çeviri ekle ·

Bu şiiri puanla

Henüz puan verilmemiş

Yıldıza dokunarak 1–10 arası puan ver

Yorumlar

Yorum yapmak için giriş yapmalısın.

Giriş yap

Bu şiire henüz yorum yapılmamış. İlk sen ol.

Sana daha iyi bir okuma deneyimi sunabilmek için sitemizde çerez kullanıyoruz. Kişisel verilerin KVKK ve GDPR kapsamında işlenir; hangi çerezlere izin verdiğini dilediğin zaman değiştirebilirsin.