Pèp Ayisyen Nou Fout Salòp

H Hebert Logerie Hebert Logerie
0 Altın Yaprak
Mwen pa renmen pale konsa Mwen pa pè pale, kitem pale Mezanmi, mwen pa gen chwa Kitem eksprimem, kitem di la verite Ayè nou tap danse sou yon bann pil fatra Nan dlo rigol santi ak yon bann malfra Nou finn bwè kontt klerin nou ak tafia Nou pa ronnt ke nou te al nan kanaval Nou piafe kwè bourik, kwè jiman,kwè chwal Nan yon la rivyè labou ki santi pi mal Ke dechè. Nou bwè, nou manje, nou mache Nou danse, nou respire anpil malpropte Mezanmi, se sa ki fè ke zòt pap janm respekte Pèp Ayisyen ki toujou ap viv nan mizè Mezanmi sa se salòp sa. Nou gen kè Pou nou kite fo lidèr ap pase nou nan tenten Yo finn piye kès leta epi yo achte klerin Tafia ak papita pou yon pèp ki malad, ki bezwen Tout bagay.Pèp Ayisyen nou fout salòp Paske nal danse nan yon lari ki sal, ki pa pròp Nal banbile sou yon bann pil fatra ki trò santi Pèp Ayisyen dim si nou pa fatigue soufri Nou malpròp pou nal swiv vakabon kap pase Vaz nan figi nou. Mwen tris, mwen fache Pou nou kipa wè, nou pa konprann nan ki Eta ke nouye. Mezanmi, sispann bwè vye pipi Sispann swiv kriminèl, ipokrit ak machann peyi Se pou nou chanje, pou nou ka gen yon bèl Ayiti. Copyright © 6 Mas 2019, Hébert Logerie, Tout dwa rezèvè Hébert Logerie se yon otè ki ekri nan plizyè lang.

Bu şiire çeviri ekle ·

Bu şiiri puanla

Henüz puan verilmemiş

Yıldıza dokunarak 1–10 arası puan ver

Yorumlar

Yorum yapmak için giriş yapmalısın.

Giriş yap

Bu şiire henüz yorum yapılmamış. İlk sen ol.

Sana daha iyi bir okuma deneyimi sunabilmek için sitemizde çerez kullanıyoruz. Kişisel verilerin KVKK ve GDPR kapsamında işlenir; hangi çerezlere izin verdiğini dilediğin zaman değiştirebilirsin.